Istwa Will-Perfect Connect
Dèyè Will-Perfect Connect pa gen sèlman yon antrepriz. Gen yon rèv, anpil sakrifis, anpil leson, ak yon konviksyon ke nenpòt gwo chanjman kòmanse ak yon sèl moun ki refize abandone.Mwen se Lafalaise Willem, fondatè Will-Perfect Connect.
Mwen etidye Antreprenerya, Marketing Digital ak Grafik Dizay. Depi mwen te kòmanse antre nan mond dijital la, mwen te konprann teknoloji kapab kreye opòtinite pou chanje lavi moun.Men chemen an pa t fasil.Lè mwen t ap fè maketing dijital pou tèt mwen ak kliyan mwen yo, mwen te bezwen yon kat Visa ki te fyab pou peye sèvis entènasyonal yo.
Mwen te pèdi lajan sou plizyè platfòm ak menm kèk enstitisyon finansye. Gen kat ki pa t fasil pou jwenn, tandiske lòt yo te prèske enposib pou rechaje depi Ayiti. Mwen te wè anpil moun ki te gen menm pwoblèm ak mwen, e sa te ralanti rèv yo ak biznis yo.Lè mwen te kòmanse pataje vizyon Will-Perfect Connect la ak kèk zanmi, anpil ladan yo pa t kwè pwojè a te kapab reyalize. Pou kèk moun, lide pou bati yon ekosistèm dijital ki rasanble kat Visa vityèl, fòmasyon sou entènèt, sèvis freelans, e-commerce ak lòt sèvis dijital pou Ayiti te sanble twò gwo.
Men mwen pa t kite dout lòt moun defini limit mwen.Mwen te kontinye aprann, fè rechèch, teste nouvo solisyon, korije erè mwen yo, epi avanse etap pa etap.Se konsa Will-Perfect Connect te pran nesans.Jodi a, ekosistèm nan ofri kat Visa vityèl ki kapab rechaje atravè MonCash ak NatCash, pou ede itilizatè yo fè peman entènasyonal ak maketing dijital pi fasil. Li pèmèt moun vann pwodwi ak sèvis sou entènèt, kreye nouvo opòtinite biznis, epi patisipe nan ekonomi dijital la.
Nou mete tou yon platfòm fòmasyon kote jèn yo ka aprann metye dijital ki gen anpil avni. Nou bay pwofesè ak ekspè yo posiblite pou kreye epi vann pwòp kou yo, pandan n ap ede elèv yo devlope konpetans ki ka chanje lavi yo.Pou freelansè ak pwofesyonèl dijital yo, Will-Perfect Connect kreye yon espas pou vann sèvis yo, jwenn kliyan epi travay a distans. Nou mete tou an valè bote Ayiti atravè yon seksyon ki ede moun dekouvri pi bèl destinasyon ak biznis peyi a.Tout sa fè pati yon menm misyon: sèvi ak teknoloji pou kreye plis opòtinite pou Ayiti.Yon mesaj pou ouSi w ap li istwa sa a, sonje yon bagay: pa kite moun ki pa wè vizyon w fè w abandone li.
Anpil nan pi gwo pwojè nan mond lan te kòmanse ak yon lide ke lòt moun te konsidere kòm enposib.Ap toujou gen moun ki pral doute de ou, kritike ou oswa di ou rèv ou twò gwo. Men se pa opinyon yo ki detèmine avni ou; se disiplin ou, pasyans ou ak detèminasyon ou.Pa pè echwe. Chak echèk se yon leson ki fè w vin pi fò. Kontinye aprann, kontinye amelyore tèt ou, epi pa janm sispann kwè nan sa w ap bati.Petèt jodi a moun pa konprann vizyon ou.
Men si w kontinye travay ak pasyans ak konsistans, demen se menm moun sa yo ki ka admire rezilta ou.Will-Perfect Connect se prèv ke yon rèv ka vin reyalite lè ou deside pa abandone.
Will-Perfect Connect – Là où la connexion devient solution!

